Tout van kap soufle
Gen yon branch li souke
Menm jan dlo kap koule gen yon kote poul rive
tout fey ki tonbe gen on jou poul seche
kidonk,tout sa ki egziste…….
gen yon rezon byen detemine
le jou a rive pesonn pak dil pa prale
Jodi a ou ka ale mwen rete,
demen mwen ka tonbe ou menm ou rete
men rete!!! kile sa ap rete ?
mwen di rete !!!
men, eske nou ka rete ………
rete viv pou letenite
rete viv tan nou pa merite?
ann rete pito chire pit ak mechanste
trayizon, divizyon ak kraze brize
ann rete koutay, manti byen taye
ann rete voye ale, boule ak tiye
ann rete nan INITE…….
nan INITE ke nou vle
yon INITE ki pa makiye
ke yo pap enpoze
men INITE: I-N-I-T-E
yon INITE ki pa yon gwoupman sosyal ke yo FOJE
INITE ki se yon lespri konsolide
ak lanmou libete epi fratenite
ANN RETE NAN INITE!!!!
Gen yon branch li souke
Menm jan dlo kap koule gen yon kote poul rive
tout fey ki tonbe gen on jou poul seche
kidonk,tout sa ki egziste…….
gen yon rezon byen detemine
le jou a rive pesonn pak dil pa prale
Jodi a ou ka ale mwen rete,
demen mwen ka tonbe ou menm ou rete
men rete!!! kile sa ap rete ?
mwen di rete !!!
men, eske nou ka rete ………
rete viv pou letenite
rete viv tan nou pa merite?
ann rete pito chire pit ak mechanste
trayizon, divizyon ak kraze brize
ann rete koutay, manti byen taye
ann rete voye ale, boule ak tiye
ann rete nan INITE…….
nan INITE ke nou vle
yon INITE ki pa makiye
ke yo pap enpoze
men INITE: I-N-I-T-E
yon INITE ki pa yon gwoupman sosyal ke yo FOJE
INITE ki se yon lespri konsolide
ak lanmou libete epi fratenite
ANN RETE NAN INITE!!!!
rete! mwen renmen sa
RépondreSupprimer