YON GRAN PEYI PAMI TOUT LOT YO
Ayiti
pa mwen an nan ven (20) tan k’ap vini yo se yon gran peyi tankou tout lòt gran
peyi yo. Men, pou sa rive fèt, fòk nou chita depi jodi a menm sou gran keksyon ki rete san repons yo. Fòk
nou youn di lòt men ki kote nou vle ale ansanm, men ki figi nou vle peyi a
genyen e ki figi nou vle etranje yo wè vre. Ann konsidere kèk pwen ki sanse
poto mitan pou bati peyi sa nou vle a.
Kisa ki posib ak kouman n’ap reyalize yo. Ann etidye aspè sa yo ansanm.
EKONOMI
Sou kisa ekonomi peyi Dayiti repoze ? Ki sektè
ekonomik ki rapòte plis an Ayiti ? Ki amelyorasyon oubyen chanjman nou ka
pote nan sektè sa yo ? Ki difikilte nou ka rankontre ? kijan nou ka
rezoud yo ? Si nou ta pran keksyone tèt nou, ebyen nou pa t’ap janm fin
poze keksyon tèlman pwoblèm yo anpil, men sa pa vle di ke pwoblèm sa yo pa gen
solisyon. Pandan syèk sa ki sot pase a, anpil peyi fè pwogrè konsiderab, se pa
nan yon jou yo devlope, men se pwodui tèt ansanm ak solidarite, pen travay ke
yo ap planifye ane aprè ane.
Bon,
Ayiti gen anpil plèn ki kapab pwodui diri ak lòt sereyal tandiske yo pa ankouraje kilti sa yo. Diri
blan pi bon mache paske feblès leta pa pèmèt li sibvansyone oubyen ankouraje
pwogram pa bò isit. Lòt ankò,pa genyen bank
agrikòl pa bò isit, pa genyen wout pou manje soti nan yon rejyon pou ale nan
yon lòt a tan nan bon kondisyon. Gen lòt kote ki manke awoze, sa koz yo pa
prèske pwodui anyen. Dèfwa yo di se tè a ki pa ka pwodui. Men mwen demanti sa paske nan peyi
Izrayèl bannann rive grandi e bay manje nan dezè.
Fòk nou sispann bay tèt nou manti sou keksyon sa yo,
dayè gen apil bagay nou pa ankouraje. Ann gade tèt mòn nan Leyogàn pa egzanp,
yo ka bay anpil kafe pandan lòt gwo pye bwa ap grandi ladan yo, se t’ap fè yon
sèl kout wòch pou keyi plizyè fwi si nou ka fè rebwazman mòn sa yo ak pye bwa
ki kapab bay fwi epi nan plantasyon kafe an menm tan.
A kote agrikilti a genyen sektè pèch la ki manke
ankonpaye tou. Sinon nou t’ap jwenn plis fwi lanmè pou’n manje olye ke nou ta
manje poul mouri ak vyann glase, jan pwason gwo sèl ak veritab bon !
Ti machann k’ap vann nan lari yo ta dwe gen patant ak
asirans komès yo, konsa lè yon malè rive, yo pèdi komès yo pou leta avèk
bank/koperativ yo ka akonpaye moun sa
yo.
Genyen yon lòt kategori moun ki se : Atizan, bòs
tayè ak koutiryè, moun sa yo ka travay men twòp pèpè antre nan peyi an, an
plis, moun yo plis anvi mete bagi ke yo mete yon wòb karabela. Leta dwe fè
pwomosyon ak sansibilizasyon sou kilti ki pwòp ak nou menm, sibvansyonye twal
k’ap vann an Ayiti pou nou ka genyen plis enterè pou fè yon rad ki nan gou nou
tout bon vre. Paske li pi ekonomik pou Ayisyen achte yon rad ki soti aletranje
tou koud ke li gen dwa pa twò renmen vre olye ke li achte twal epi peye
koutiryè ak bòs tayè pou fè’l.
Anplis. Nou genyen tou sektè touristik la ki kapab
rapòte Ayiti gwo lajan, paske nou genyen bèl lanmè, solèy, kaskad ak gwòt ke
touris yo ta renmen jwi. Men pou sa fòk leta fè plis pwomosyon, mete sekirite
epi fè plis wout.
Aspè sa genyen twòp koze. Ann fè yon ti janbe.
SANTE
Nan pwen sa menm nou pa nil men nou pa twò lwen’l. Anpil medsen ak
enfimyè nou yo pran fòmasyon aletranje, yo kapab menm ke yo pa anpil. Pwoblèm
ki poze se paske leta manke enfrastrikti pou mete kapasite yo an
aplikasyon ; mank lopital ak sant sant, epi konbyen kòb yo t’ap peye moun
sa yo ki la pou sove vi ? Sa lakoz anpil nan pwofesyonèl sa yo kite peyi
a, nan ti rès ki rete a genyen ki fè domèn nan tounen biznis yo, sa ki gen klinik
prive yo se tèt nèg, rezilta final la se ti pèp la ki ap fin mouri.
Konbyen jèn enfimyè ki chita lakay ? Konbyen
teknisyen laboratwa ki nan yon famasi ? Konbyen nan yo ki prefere al vann
nan mache oubyen al travay yon kote chita ap fè fich tout lajounen ? Tout
bagay alanvè. Ayiti pa’m nan wè yon lopital ki reponn ak tout nòm nan chak gran
vil, san konte ti sant sante k’ap antoure’l, ti klinik mobil epi sant pwovizwa
nan rejyon ki pi lwen yo sitou lè genyen epidemi. Konsa, aksè laswenyay t’ap
disponib pou tout moun kèlkelanswa nivo ekonomi ou.
Gen yon lòt bagay nou pa’t ko souliye : nan peyi
LaChin, medsin tradisyonèl oubyen medsin fèy vale teren anpil e’l trè valorize.
Nou menm tou pa bò isit nou gen moun ki kapab, pouki leta pa akonpaye yo ?
Pouki li pa fè pwomosyon valè sa yo nou genyen k’ap gaspiye ? Yo prefere
achte medikamn ekspire kay blan je vèt pou ki bannou senkant (50) lòt maladi
mete sou sa nou genyen.
EDIKASYON
Sa mezanmi se yon maling ki mal pou panse ! pa
kibò pou’m kòmanse ? Bon ! pifò Ayisyen swadizan pale kreyòl ki se
lang natal nou tout kit nou te nèg oubyen milat. Anplis, yo di kreyòl la se
lang ofisyèl ansanm ak fransè, pwoblèm sa pa la jodi a, fòk nou ta tounen dèyè
nan listwa.
Responsab ediksayon an Ayiti se te FIC, frè
kongreganis sa yo se te yon bann milat, nou ka koumanse wè poukisa lekòl se an
fransè (lang zuzu) ke yo anseye ! Se vre fransè se lang tradisyonèl ak
kiltirèl pèp Ayisyen, men konbyen nan nou ki pale’l vre menm lè nou ale lekòl ? Konbyen pitit malerèz ki fèt
se fransè li pale avan (depil fenk koumanse pale) ? Ann pa bay tèt nou
manti, fransè antre nan kilti nou sou lakoloni e li lè li tan pou’n konprann,
pou’n admèt ke Ayisyen paka pale fransè dayè nou pa menm konn pale kreyòl.
Si kreyòl ak fransè se de (2) lang ofisyèl, poukisa
ansèyman fèt an fransè sèlman alòske nou pa ka pale fransè a vre san nou pa
pran bon kou nan lekòl ki la pou aprann moun lang fransè ? Epi, nou pa ka
ekri kreyòl la tou. Poukisa edikasyon ti Ayisyen an pa ka fèt an kreyòl ki se
lang li pi alèz ladann lan ? Nou menm nou pa ni pou ni kont men fòk nou
di’l jan’l ye a. Konbyen Ayisyen ki pale ak ekri kreyòl la byen vre ?
Nan yon lòt bò, ti Ayisyen an rete ap etidye menm
bagay yo depi plis pase senkant (50) lane men nan fen etid yo yo pa janm ka fin
metrize tout sa yo aprann alòske anyen pa chanje, po liv yo chanje men anndan yo
toujou rete menm. Pa gen okenn lòt metòd ki pou chanje fason aprantisaj la fèt.
Kidonk gen anpil baryè toujou pou’n travèse tankou teknoloji ki disponib tou
nan ediksayon ke nou poko janm itilize nou menm.
POLITIK
Se domaj, majorite politisyen isit pa wè peyi yo avan
tout bagay, sinon nou te ka lwen. Ayiti pa’m nan apre ven (20) tan se tap peyi
ki chaje sitwayen onèt epi devwe nan travay nan tèt kole. Si mwen ta nan plas
pou pote chanjman sa yo, mwen t’ap fè de gran pati tankou Lèzetazini ki genyen
repibliken ak demokrat pou ki vin fas a fas nan eleksyon. Konsa t’ap gen mwens
tèt ki t’ap parèt nan eleksyon pou fè leta depanse twòp lajan, twòp tan ak
enèji. Anplis, ta dwe gen yon konsèy k’ap travay ak palmantè yo pou si
opozisyon ak pouvwa an plas la paka antann yo pou ki di men ki desizyon ki t’ap
pi bon pou peyi a. Konsa nou t’ap sispann pèdi tan nan twòp pale anpil, kouri moute kouri desann toutan.
Epi gen lòt pwoblèm ki gen rapò ak edikasyon sivik
chak sitwayen tou pou nou eseye rezoud. Fòk chak sitwayen kapab konnen kisa ki
dwa li ak devwa’l, kisa lalwa di, kijan pou’l vote e ki chwa pou’ fè. Si moun y
opa byen enstwi se nòmal pou yo vote san konsyans, se nòmal pou yo vote pou 100
pyas, pou grenn diri, pou fo pwomès. Fòk sitwayen an kapab konnen pakou kandida
yo.
ESPO
Sa ankò se yon sektè
mwen wè ki yon tijan neglije tou. Ann pran pa egzanp yon jwè seleksyon
nasyonal k’ap reprezante peyi’l e tout
yon nasyon, li pa menm ka touche ven mil goud (20.000) pa mwa, sa pa ankourajan
menm. Ki pèfòmans ou panse jwè sa te ka bay si se pa lanmou li genyen pou jwèt
la ? kidonk li ap fè tèt li plezi. Mwen menm mwen plis wè Ayiti pa’m nan
ak yon pepinyè jwè nan plizyè domèn
espò ; jwè ki gen non sèlman lanmou pou jwèt la men tou ki genyen yon
diyite, fyète ak onè nasyonal pou li defann. Konsa, jèn sa yo tou se t’ap jwè
ke leta pap neglije. Leta t’ap akonpanye
avantou klèb yo, pèmèt yo fè plis pwofi nan aktivite yo, ankadre
pwofesyonèl tankou : abit, jij de liy, moun k’ap ramase balon, moun k’ap
netwaye teren etc. atravè federasyon an ke li t’ap mete fon a dispozisyon pou
li. Men sektè prive a tou ta dwe envesti plis tou nan sektè a yon fason pou jwè
yo ka pi byen trete.
Leta ta dwe pran an chaj jèn sa ki nan seleksyon
nasyonal yo, bay yo yon chèk rezonab chak mwa, bay yo asirans lasante etc.
TEKNOLOJI
Nou rive la nan yon pwen sansib,
enpòtan anpil anpil nan syèk sa n’ap viv la. Se yon domèn ki pèse anpil, ki gen
anpil enfliyans ak anpil avni epi ki trè itil. Ou pa ka wè syèk sa san
teknoloji, dayè pa gen peyi k’ap evolye san li. Nan tout branch: kèlkelanswa se
te medsin, agwonomi, ediksayon, enèji, teknoloji fè prèv li e fè konnen mond la
t’ap manke san li. Men nou menm ki dèyè toujou kisa’n dwe fè?
Yon
egzanp: gouvènman nou an manke prezans li an liy, sou entènèt, nou manke aksè
ak yon seri de sèvis ki t’ap ka pèmèt nou regle zafè’n san nou pa deplase. Sa vle di nou an reta, nou pa ajou. Si nou ta genyen
sèvis sa yo se t’ap deja desantralizasyon ak dekonsantrasyon biwo nan
kapital la tou. Anplis, se jèn ki plis itilize teknoloji sa yo men se yo ki pa
gen mwayen. Yon lòt kote, nou te ka pwofite fè alfabetizasyon nasyonal avèk
sant miltimedya, nou te ka tou fè medsin ak distans paske nou pa gen wout pou
transpòte yon seri de malad ki ka mouri nan wout. Menmke labank fè ti jefò, men
yo pa ase, moun t’ap ale labank raman paske tout tranzaksyon tap prèske fèt
dèyè òdinatè. Vòlè tou t’ap sispann oubyen t’ap diminye aktivite yo paske mwens
moun t’ap pran lari pou koze lajan epi yo pa t’ap mache ak lajan sou yo twòp
ankò.
Tout sa yo se avantaj ke peyi Dayiti t’ap benefisye nan teknoloji, men
pandan ke li t’ap prezan an liy la tou, li t’ap ekspoze avè estil krim ki
fèt avèk mwayen teknoloji sa yo tou.
Eske nou prè pou sa yo?
An gwo, peyi a bezwen yon dal inovasyon nan plizyè domèn
tankou sa’n sot pale yo. Men se tèt ansanm ki pou genyen, planifikasyon ak
kontinyite sa ki te koumanse deja paske ven (20) tan kapab kout men li anpil
pou’n ta panse epi reyalize sa’m ta’p pale la yo. Se konsa Ayiti t’ap vin yon gran peyi pami tout lòt yo.
Otè :
Dieter Adler Tranchant
Leyogàn, AYITI
Mwa Jen 2013